Aide
- De mèg pa fri.
- Kouto pa janm grate manch li.
- Ti bout kouto miyò pase zong.
- Yon sèl dwèt pa manje kalalou.
Ambition
- Anbisyon touye rat.
- Anvi tout, pédi tout.
Amitié
- Achte peye, prete remèt, se sa ki fè zanmi dire.
- Bèl dan pa di zanmi pou sa.
- Chen ki konnen-w, se li ki souke ke-l pou ou.
- Fiyèl mouri, makomè kaba.
- Lè-w genyen zanmi konnen-w.
- Men ale, men vini zanmi dire.
- Pye bèf pour pye bèf, map prann kay pratik.
- Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.
Amour
- Chen pa janm mode piti li jis nan zo.
- De mèg pa fri
- Lamou pa konn dèyè pyese.
- Si-w renmen po-a fò-k renmen grenn la tou.
Anes
- Bourik chaje pa kanpe.
- Bourik fè pitit pou do-l poze.
- Bourik toujou rete bourik.
- Bourik travay, chwal garyonen.
- De kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay la.
- Lanmò bourik ranje chen.
- Le-w nan mitan bourik, ou pote ba.
- Mizè fè bourik kouri pase chwal.
- Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse-l bwè dlo.
- Ou Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.
Apparence (fausse)
- Bel lantèman pa vle di paradi.
- Bèl cheve pa lajan.
- Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
- Bèl parol pa vle di verite pou sa.
- Chen ki jape pa mòde.
- Dlo lacho blanch, men li pa lèt pou sa.
- Foumi pa mouri anba barik siro.
- Gwo vant pa di lajan.
- Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
- Kaka poul pa ze.
- Kalbas gran bouch pa ken dlo.
- Kay koule tronpe solèy men li pa ka tronpe lapli.
- Pale fransè pa di lespri.
- Se lè koulèv la mouri, ou wè longè-l.
- Tande pa di konprann pou sa.
- Tankou ti Jezi nan po krab.
- Ti dife boule.
- Zafè nèg pa janm piti, se janm kanso-l ki piti.
Argent
- Chemen lajan pa gen pikan.
- Gran nèg se leta.
- Gwo vant pa di lajan.
- Kòfrefò pa swiv kòbya.
- Lajan al kay lajan.
- Lajan fè chen danse.
- Lajan fè nèg monte maswife
- Lajan kase ròch.
- Lanjan nan poch pa fè pitit.
- Lajan pa fè boul nan pòch malere.
- Lajan pa al ka gangan pou-l tounen.
- Lajan pa gen lode.
- Mezi lajan-w, mezi wanga-w.
- Se sen kòb ki fè goud.
Aubaine
- Sa-w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
- Yon avantaj bab ak moustach.
Auto-Defense
- Byen jwennm byen kontre.
- Mwen byen sangle, mwen pap foule.
- Sa-w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
- Tout bèt jennen mode.
Avertissement
- Kreyòl pale, kreyòl konprann.
- Lagè avèti pa touye kokobe.
- Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.

Ce blog donne vraiment beaucoup de proverbes créoles, good job webmaster.
RépondreSupprimer