D

Danger et risques
  • An afè pa dòmi di.
  • Anmèdan gen remèd. 
  • Antre nan batay san baton.
  • Ayiti se tè glise. 
  • Bat chen-an tan mèt li.
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demel yo.
  • Gade pa boule je.
  • Gade pa pwazon (de Pèlen tèt).
  • Jwèt se jwèt, kròchèt pa landann.
  • Lè ké ti poul kontant, malfini ki déyè-l.
  • Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
  • Lè-w mouri, ou pa pè santi.
  • Lè wap manje ak diab, ou kenbe fouchèt ou long.
  • Li se kouto de bò.
  • Malere se dan devan.
  • Mwen byen sangle, mwen pap foule.
  • Mache chèche pajanm dòmi san soupe.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Mete chat veye mantèg.
  • Moun ki manje piti tig pa dòmi di.
  • Nan mal, nan mal nèt.
  • Pa konen pa al lajistis.
  • Pawòl anpil, machwè gonfle.
  • Ou Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.
  • Se lè-w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Si chen rakonte-w sa li we, ou pap janm mache nannwit.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.


Déception
  • Aprè dans, tanbou lou.
  • Byen konte, mal kalkile.
  • Depi-l rat, se premye fwa li pran nan pèlen.
  • Gwo vant pa di lajan.
  • Malfini manke poul, li pran pay.
  • Se lè koulèv la mouri, ou wè longè-l.
  • Tankou ti Jezi nan po krab.
  • Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.

Démocratie
  • Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.

Diffamation
  • Lang malveyan file pase kouto de bò
  • Lang pa lanmè, men li ka noye-w


Dignité
  • Lajan fè chen danse.
  • Lajan fè nèg monte maswife.
  • Merite pa mande.
  • Rele chen papa pou zo.

Divisions sociales
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
  • Danmijann poko plen, boutèy paka jwenn.
  • Kabrit pa mare nan pikèt bèf.
  • Milat pòv se nèg, nèg rich se milat.
  • Ou jis dèyè kamyonèt la.
  • Ròch nan dlo pa konn doulè ròch nan solèy

Précédent          Suivant