N-O-P

Naïveté
  • Gen bab pa vle di granmoum pou sa.
  • Lajan pa al gangan pou-l tounen.
  • Li pa konnen non chen-l.

Nécessités
  • A defo chen, kabrit al lachas. 
  • Bouche nen-w pou bwè dlo santi.
  • Chimen bezwen pa janm long.
  • Malere pa fè brodè.
  • Mizè fèbourik kouri pase chwal.

-O-
Omertà (Code du silence)
  • Bouch manje tout manje, li pa pale tout pawòl.
  • Je wè, bouch pe.
  • Kase fèy kouvwi sa.
  • Mouch pa antre nan bouch ki fèmen.
  • Si pa gen sitirè pa ka gen vòlè.


Opportunisme
  • Chanje mèt, chanje metye.
  • Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
  • Dekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen Pòl.
  • Fè lefou po-w pa peye dwa.
  • Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
  • Lajan pa al gangan pou-l tounen.
  • Lanmò bourik ranje chen.
  • Le-w bezwen kongo, ou rele-l yaya.
  • Le-w nan mitan bourik, ou pote ba.
  • Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse-l bwè dlo.
  • Ou pran ka piskèt, li mande kokoye.
  • Se sòt ki bay, embesil ki pa pran.

Orgueil
  • Krapo fè kolè li mouri san dèyè.
  • Fè wont sèvi kolè.

-P-
Pardon
  • Evite miyo pase mande padon.
  • Bondye padonen, nèg pa padonen.
  • Kase fèy kouvwi sa.
  • Li pa manje manje bliye.

Paresse
  • Chita pa bay.
  • Lap kale wès

Partage
  • Manje kwit pa gen mèt.
  • Men ale, men vini zanmi dire.
  • Moun ki manje pou kont yo pa janm grangou.

Patience
  • Avèk patyans, wa wè tete foumi.
  • Jou fèy tonbe nan dlo se pa jou-a li pouri
  • Piti piti fè lonè prezidan.
  • Ou pa nago, ou pa kita.
  • Sa-a se dènye kou ki touye koukou.
  • Se sen kòb ki fè goud.
  • Ti pil ti pil fè chaj.
  • Trò prese pa fè jou louvri

Perfection / Imperfection
  • Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
  • Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
  • Tout moun gen yon gren zannon kay zofèv

Perséverance
  • Bouche nen-w pou bwè dlo santi.
  • Li pa janm trò ta pou chen anraje.
  • Ou pa nago, ou pa kita.
  • Piti piti fè lonè prezidan.
  • Teke mab la jis li kase.

Porcs
  • Kochon manje santiman-l nan po bannan-n.
  • Kochon maron konnen sou ki bwa poul frote.

Providence
  • Bondye pa bòpè.
  • Bondye pouse mouch pou bèf san ke.
  • Kreyon Bondye pa gen gòm.
  • Pa gen pèn san sekou.
  • Sa Bondye sere pou-w lavalas paka pote ale. 
  • Tout chay gen trokèt li.


Prudence
  • Abitan pa mize lavil.
  • An afè pa dòmi di.
  • Anvan chen manje zo, li mezire machwè-l. 
  • Atansyon pa kapon.
  • Bèf ki gen ke long, pa janbe dife.
  • Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
  • Bèl parol pa vle di verite pou sa.
  • Bouch manje tout manje, li pa pale tout paròl.
  • Bwè dlo repekte vè.
  • Chat ki chode pè menm dlo frèt.
  • Chodyè ou pa monte, ou pa desann li.
  • Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale. 
  • Evite miyò pase mande padon. 
  • Evite pa kapon.
  • File kouto, men veye dwèt ou.
  • Je wè, bouch pe.
  • Kabwit di sak nan vant li se li ki pa-l.
  • Kabwit gade je met kay anvan-l antre.
  • Kapon antere manman-n.
  • Kochon maron konnen sou ki bwa poul frote.
  • Labouyi cho, ou manje-l sou kote.
  • Lagè avèti pa touye kokobe.
  • Le ti kwibich bezwen grandi, se nan twou ròch li rete.
  • Lè-w gen sèl nan solèy, ou veye lapli.
  • Lè-w manje pitit tig, ou pa domi di.
  • Lè wap manje ak diab, ou kenbe fouchèt ou long.
  • Li pa janm tròta pou chen anraje.
  • Malfini manke-w, li pa bliye.
  • Mwen byen sangle, mwen pap foule.
  • Mache sou pinga-w pou-wpa pile se-w te konnen.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Makak sou, men li pap domi douvan kay chen.
  • Mouch pa antre nan bouch ki fèmen.
  • Pawòl anpil, machwè gonfle.
  • Pran bal ou ofon.
  • Pa fouye zo nan Kalalou.
  • Pye kout pran devan.
  • Rete trankil, se remèd kò.
  • Se lè-w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Si chen rakonte-w sa li we, ou pap janm mache nannwit.
  • Veye zo-w, veye lòt la.
  • Ti mapou pa grandi anba gro mapou.
  • Tig gen vye men, zong li pa janm vye.

Précédent          Suivant