S-T-V

Secrets
  • Anba moumou se dèy.
  • Je wè, bouch pe.
  • Kout manchèt nan dlo pa kite mak.
  • Sa je pa wè, kè pa tounen.
  • Sa ki nan kè yanm, se kouto ki konnen-l.
  • Se soulye ki konnen si chosèt gen twou.

Sécurité
  • Kabwit di sak nan vant li se li ki pa-l.
  • Pa konnen pa al lajistis.
  • Si chen rakonte-w sa li , ou pap janm mache lannwit.


Solidarité
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
  • Chen pa janm mòde piti li jis nan zo.
  • Chen ki gen zo pa gen zanmi.
  • Fiyèl mouri, makomè kaba.
  • Kouto pa janm grate manch li.
  • Men anpil chay pa lou.
  • Moun ki manje pou kont yo pa janm grangou.
  • Moun ki swe pou-w se sou li ou chanje chemiz. 
  • Pipi gaye pa fè kim.
  • Si-w renmen po-a, fò-k ou renmen grenn nan tou.
  • Ròch nan dlo pa konn doulè ròch nan solèy.
  • Vwazinaj se dra blan..
  • Yon sèl dwèt pa manje kalalou.
  • Zafè kabwit pa zafè mouton.

Sottise
  • Anvi tout, pédi tout.
  • Bèf di li pral sal savann, se ke-l li sal.
  • Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
  • Li pa konnen non chen-l.
  • Matla te di plis pase sa, epi li kite payas monte-l.
  • Mete chat veye bè.
  • Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri paka lage-l.
  • Nou alfabèt, nou pa bèt.
  • Se lave men, siye até.
  • Se sòt ki bay, embesil ki pa pran.
  • Pati bonè pa di konn chimen pou sa.
  • Twòp lespri, sòt pa lwen.
  • Wap sèvi pè, ou kite pitit ou mouri chwal.

Supériorité
  • Danmijann poko plen, boutèy paka jwenn.
  • Kabwit di sak nan vant li se li ki pa-l. 
  • Kapab pa soufri.
  • Gen kapab ak kapab; gen kapab pase kapab.
  • Gen toro pase toro.
  • Kafou toujou pi gran pase gran chimen.
  • Si kalmason te vyann, se pa nan mitan chemen ou ta jwenn li.

Support
  • Bat men ankouraje chen.
  • Bourik fè pitit pou do-l poze.
  • De mèg pa fri.
  • Men anpil, chay pa lou.
  • Li pa pitimi san gadò.
  • Misye gen deyè.
  • Si pa gen sitirè pa ka gen vòlè.
  • Tout moun gen yon bwa deyè bannann yo.

-T-
Temporisation
  • Bat fè-a pandan li cho.
  • Se lè kabwit fin pase wap rele fèmen baryè.

Trahison
  • Bèl fanm se traka.
  • Chen ki gen zo pa gen zanmi.
  • Fiyèl mouri, makomè kaba.
  • Lè-w genyen zanmi konnen-w.
  • Li se kouto de bò.
  • Sa-a se dènye kou ki touye koukou.
  • Se grès kochon-an ki kwit kochon-an.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

Travail
  • Bourik travay, chwal garyonen.
  • Ti pil ti pil fè chay
  • Zwazo ki chante pa gra.

-V-

Vaches

  • Bèf di li pral sal savann, se ke-l li sal.
  • Bèf ki gen ke long, pa janbe dife. 
  • Bèf pa janm di savann mèsi.
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
  • Bondye pouse mouch pou bèf san ke. 
  • Ou kouche sou po bèf la, wap pale-l mal. 

Valeurs
  • Kochon manje santiman-l nan po bannan-n.
  • Pito dlo-a tonbe, kalbas la pa kraze.
  • Santi bon koute chè.

Vanités
  • Bèl cheve pa lajan.
  • Fe wè pa dire.
  • Kòfrefò pa swiv kòbya.
  • Larouze fè banda tout tan solèy poko leve.
  • Matla te di plis pase sa, epi li kite payas monte-l.

Vengeance
  • Bat chen-an tann mèt li.
  • Jou fèy tonbe nan dlo se pa jou-a li pouri.
  • Lè-w manje pitit tig, ou pa dòmi di.
  • Sa nèg fè nèg Bondye ri.
  • Teke mab la jis li kase.

Vérité
  • Bèl pawòl pa vle di verite pou sa.
  • Bonjou-l pa la verite.
  • De je kontre manti kaba.
  • Rayi chen an di dan-l blanch.

Vices
  • Abitid se vis.
  • Gen twou nan manch.
  • Tout moun gen yon gren zanno kay zofèv
  • Zonbi ki goute sèl, pa mande rete.








référencement gratuit




jeux gratuits
toupile

gratuit-free



Référencer Gratuit



Référencement

Gratuit
site internet
Backlinks annuaire
Annuaire Kezin
Annuaire web gratuit, annuaire de sites internet et blogs
Annuaire gratuit