M

Malheur
  • Anmèdan gen remèd.
  • Chat mande swe, lage chen deye-l.
  • Chay la sot sou tèt, li tonbe sou zépòl.
  • Depi-l rat, se premye fwa li pran nan pèlen.
  • Kote yap plimen kodèn, poul pa ri.
  • Lè bab kanmarad ou pran dife, met pa-w ala tranp.
  • Lè kè ti poul kontan, malfini ki dèyè-l.
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.
  • Mete chat veye mantèg.
  • Sa-a se trokèt la, chay la dèyè.
  • Wap kouri pou lapli, ou tonbe nan larivyè.
  • Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.  


Méfiance
  • Abitan pa mize lavil.
  • Bèl fanm se traka.
  • Chat konnen, rat konnen, barik mayi-a rete la.
  • Chat ki chode pè menm dlo frèt.
  • Chen ki konnen-w, se li ki souke ke-l pou ou.
  • Depi na ginen, nèg rayi nèg.
  • Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale.
  • Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
  • Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
  • Li se kouto de bò.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Makak sou, men li pap domi douvan kay chen.
  • Se lè-w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Sa manman chat konnen, manman chat konnen-l tou.
  • Se lè koulèv la mouri, ou wè longè-l.
  • Se mwen se yo.
  • Si kalmason te viann, se pa nan mitan chemen ou ta jwen li.
  • Tig gen vye men, zong li pa janm vye.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

Mensonge
  • Bonjou-l pa la verite
  • De je kontre manti kaba.
  • Twou manti pa fon.


Misère
  • Bat dlo pou fè bè.
  • Fè san soti nan ròch.
  • Grangou se mizè, vant plen se traka.
  • Se sou chen mèg, yo wè pis
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.
  • Malere pa fè brodè.
  • Mizè fè bourik kouri pase chwal.
  • Ou jis dèyè kamyonèt la.

Mystère
  • Anba levit fè nwa.
  • Anba moumou se dèy.
  • Dèyè mòn gen mòn.
  • Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
  • Sa je pa wè, kè pa tounen.
  • Sa ki nan kè yanm, se kouto ki konnen-l.
  • Se lè koulèv la mouri ou wè longé-l.
  • Se soulye ki konnen si chosèt gen twou.

Précédent          Suivant