R

Rancune
  • Bay kou bliye, pote mak sonje.
  • Padon pa geri maleng. 


Réalisme
  • Aprè dans, tanbou lou.
  • Bèl cheve pa lajan.
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
  • Bwa ki nan men-w, se avèk li ou pouse chen.
  • Chanje mèt, chanje metye.
  • Chay ou pa ka pote, ou mete-l ate byen Dousman.
  • Gen bab pa vle di granmoum pou sa.
  • Kabwit di sak nan vant li se li ki pa-l. 
  • Kaka poul pa ze.
  • Kalbas gran bouch pa kenbe dlo.
  • Kalbas pa donnen joumon.
  • Kochon maron konnen sou ki bwa poul frote.
  • Le-w pa gen manman ou tete grenn.
  • Malere pa fè brodè.
  • Matla te di plis pase sa, epi li kite payas monte-l.
  • Mennen koulèv la lekol se youn, fè-l chita se de.
  • Mezi lajan-w, mezi wanga-w.
  • Pa fouye zo nan Kalalou.
  • Pa van chat nan makout.
  • Pati bonè pa di konn chimen pou sa.
  • Pito dlo-a tonbe, klabas la pa kraze.
  • Pito sa pase sa.
  • Pòv pa mande degi.
  • Sa chat konnen, se sa li montre pitit li.
  • Sak nan men-w, se li pa-w.
  • Se pa lè yon moun ap neye, pou-w montre-l naje
  • Ti bout kouto miyò pase zong.
  • Ti mapou pa grandi anba gro mapou.
  • Wè pa wè antèman pou katrè.


Résignation
  • Bondye bon.
  • Bouche nen-w pou bwè dlo santi.
  • Lè-w mouri, ou pa pè santi.
  • Nan mal, nan mal nèt.
  • Sa-k fèt fèt.

Respect
  • Bwè dlo, respekte vè.
  • Kabwit pa mare nan pikèt bèf.
  • Sa ki ba bon pou sak, ou pa bay makout li.

Révolte
  • Sa-a se dènye kou ki touye koukou.

Richesse
  • Kòfrefò pa swiv kòbya.
  • Lajan al kay lajan.
  • Milat pov se nèg, nèg rich se milat.
  • Le-w genyen zanmi konnen-w.
  • La sante se pi gro richès.

Précédent          Suivant