C

Caprice
  • Lè vant chat plen, ke rat anmè.
  • Li gen trop machin deyè nòs li.

Causalité
  • La fimen pa leve san dife.
  • Moun ki di men koulèv la, se li ki touye-l.

Chance 
  • Chak jou pa Dimanch.
  • Lè-w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ou.
  • Ou jis dèyè kamyonèt la.
  • Sa-w tap chache anlè, ou jwenn li atè.
  • Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.  

Changement
  • Bourik toujou rete bourik.
  • Chen bwè ze pa kite metye.
  • Kite kantik pran priyè.
  • Pitit tig se tig.
  • Tèt ki abitye met chapo ap toujou met chapo.
  • Zonbi ki goute sèl, pa mande rete.


Chats
  • Chat ki chode pè menm dlo frèt.
  • Chat konnen, rat konnen, barik mayi-a rete la.
  • Chat mande swe, lage chen deye-l.
  • Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
  • Lè chat pa la, rat bay kalinda.
  • Lè vant chat plen, ke rat anmè.
  • Mete chat veye mantèg.
  • Sa chat konnen, se sa li montre pitit li.
  • Sa manman chat konnen, manman chat konnen-l tou.

Chiens
  • A defo chen, kabrit al lachas. 
  • Anvan chen manje zo, li mezire machwè-l. 
  • Bat chen-an tan mèt li.
  • Bat men ankouraje chen. 
  • Bwa ki nan men-w, se avèk li ou pouse chen. 
  • Chen grangou pa jwe. 
  • Chen ki bwè ze pa kite metye.
  • Chen ki gen zo pa gen zanmi
  • Chen ki jape pa mòde.
  • Chen ki konnen-w, se li ki souke ke-l pou ou.
  • Chen ou fè byen se ou li mòde lè li anraje.
  • Chen pa janm mòde piti li jis nan zo.
  • Gran mesi chen se kout baton.
  • Lajan fè chen danse.
  • Lanmò bourik ranje chen.
  • Li pa janm trò ta pou chen anraje
  • Li pa konnen non chen-l.
  • Rele chen papa pou zo.
  • Se lè-w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Se sou chen mèg, yo wè pis.
  • Si chen rakonte-w sa li we, ou pap janm mache nannwit.

Compassion
  • Le ou wè vye zo nan chimen, konnen li te gen chè sou li yon jou
  • Se pa lè yon moun ap neye, pou-w montre-l naje


Confiance
  • Chen ki konnen-w, se li ki souke ke-l pou ou.
  • Chen pa janm mode piti li jis nan zo.
  • Koulèv ki konn laje goj li vale krapo.
  • Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale. 
  • Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
  • Kapab pa soufri.
  • Lanmè pa kenbe kras.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Volè pa janm renmen volè parèy li.

Contraintes
  • Abitan pa mize lavil. 
  • Bourik chaje pa kanpe.
  • Byen konte, mal kalkile.
  • Jwèt se jwèt, kròchèt pa landann. 
  • Le-w pa gen manman ou tete grenn.
  • Se nan chemen jennen ou kinbe chwal malen.
  • Tout bèt jennen mode.

Corruption
  • Gen twou nan manch.
  • Gran nèg se leta.
  • Si pa gen sitirè pa ka gen vòlè.

Coqs
  • Avantaj kok, Se na zepon-l li ye.
  • Eksperians kòk la se nan zepon-l li ye.
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon. 

Précédent                 Suivant