I

Ignorance
  • Bèf di li pral sal savann, se ke-l li sal.
  • Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
  • Li pa konnen non chen-l.
  • Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri paka lage-l.
  • Sa je pa wè, kè pa tounen.

Impertinence
  • Ti moun fronte fè bab nan simityè.
  • Kabrit pa mare nan pikèt bèf.

Indépendance
  • Dyondyon leve kote-l vle, menm anba jouk poul.
  • Granmoun pa rete ak granmoun.
  • Mwen pa janm ret ak moun.
  • Se grès kochon-an ki kwit kochon-an.


Infortune
  • Chay sot sou tèt li tonbe sou zepòl.
  • Devenn se pian.
  • Lè-w gen devèn, lèt kaye kase tè ou.
  • Lè-w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ou.
  • Malè pa gen klaksòn.
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.
  • Malfini manke poul, li pran pay.
  • Sa-a se trokèt la, chay la dèyè. 
  • Wap kouri pou lapli, ou tonbe nan larivyè.

Ingratitude
  • Bèf pa janm di savann mèsi.
  • Chen ou fè byen se ou li mòde lè li anraje.
  • Gran mesi chen se kout baton.
  • Jete vye chodyè pou chodyè nèf.
  • Nan bay kout men, ou jwen kout pye
  • Ou kouche sou po bèf la, wap pale-l mal.
  • Ou monte makak voye ròch, premye moun li kase tet se ou


Injustice
  • Bondye konn bay li pa konn separe.
  • Bourik travay, chwal garyonen.
  • Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
  • Danmijann poko plen, boutèy paka jwenn.
  • Le-w malere, tout bagay sanble-w.
  • Malere se dan devan.
  • Pitit malere malelve, pitit granèg malapri.
  • Ravèt pa janm gen rezon devan poul
  • Se sou chen mèg, yo wè pis.
  • Tout bèt nan lanmè manjé moun, men se reken ki pote pi move non.

Intelligence
  • Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri paka lage-l.
  • Nou alfabèt, nou pa bèt.
  • Pale fransè pa di lespri.
  • Tande pa di konprann pou sa.

Investissement
  • Lajan nan poch pa fè pitit.

Précédent          Suivant