E

Egoisme
  • Akrèk pa bay.
  • Anvi tout, pédi tout.
  • Chen ki gen zo pa gen zanmi.
  • Depi na ginen, nèg rayi nèg.
  • Kabwit de mèt mouri nan solèy. 
  • Ròch nan dlo pa konn doulè ròch nan solèy
  • Tout koukouy klere pou je-l.
  • Zafè kabwit pa zafè mouton.


Embarras
  • Byen konte, mal kalkile.
  • Malfini manke poul, li pran pay.
  • Tout bèt jennen mode.

Engagement
  • An afè pa dòmi di.
  • Aprè dans, tanbou lou.
  • Promès se dèt.
  • Responsablite se chay.
  • Wè pa wè antèman pou katrè.
  • Wi pa monte mòn.

Epargne
  • Se sen kòb ki fè goud.
  • Se piti ki mennen gwo.
  • Ti pil ti pil fè chaj.


Espoir
  • Bondye bon.
  • Byen mal pa lanmò.
  • Espwa fè viv.
  • Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
  • Maladi pran bouyon.
  • Nan pwen lapriyè ki pa gen amèn.

Expérience
  • Avantaj kok, se na zepon-l li ye.
  • Koulèv ki konn laje goj li vale krapo.
  • Diab pa pè diab.
  • Eksperians kòk la se nan zepon-l li ye.
  • Fòk ou konn la, pou al la.
  • Fòk ou pase maladi, pou konn remèd.
  • Kochon maron konnen sou ki bwa poul frote.
  • Nèg sòt mare kòd li, nèg lespwi pakab demawe-l.
  • Pati bonè pa di konn chimen pou sa.
  • Tete pa janm trò lou pou mèt li.

Précédent          Suivant